Participacion y Accion Para La Competitivdad Local
Maison wozo
1. Kay ki fèt an Wozo yo
Yon istwa sou vizyon PACA, enspire apre yon misyon
konsiltasyon nan peyi Salvador nan mwa Fevriye 2003.
Ti vil sa te
twouve l bò yon
gwo larivyè.
Abitan yo tap viv
nan kay ki byen
solid e tap
mennen aktivite
yo trankilman.
2. Se konsa lavi tap koule
dous jiskaske yon gwo
tranbleman d’tè frape vil
la. Pandan twa jou e twa
nwit, latè te tranble e
sekous yo te tèlman fò
menm pi gwo bilding yo
te tonbe plat atè takou
yon chato kat. Tout
moun ki pat gen tan
chape pou l yo te antere
anba tout pil tè sa yo.
4. Gason tankou fanm
nan ti vil sa te degaje
yo mete sou pye yon
lopital ak sa yo jwen
pou ede pran swen
moun ki blese epi
pataje sa yo te jwen
kòm manje.
5. Kèk jou te finn
pase, lè lòt moun te
sòti nan vil
vwazinaj yo, te gen
menm ki te sòti
byen lwen, vinn
pote sekou a moun
sila yo.
Nou pa bezwen
mande jan abitan
yo te kontan jwenn
sipò sa. Moun ki te
pèdi kay yo tap viv
kounye a anba tant
annatandan lòt
solisyon.
6. Apre kèk tan, lè
moman ijans yo
finn pase, moun ki
te vinn bay kout
men yo tounen
lakay yo.
Abitan yo pat konn
kote yo gad e tap
poze tèt yo kesyon:
“Sak kap rive nou si nou pa jwen lòt èd pou
nou kenbe?”
7. Moun ki tap viv anba tant yo tap plenyen:
“Nou bezwen bon jan kay pou nou rete! Si nou pa
jwen lòt moun vinn ede nou, nou chire! Talè konsa
sezon fredi a ap vini, nou tout ap mouri ak fredi anba
lanèj!”
8. Alòske abitan yo te
finn dezespere nèt e
yo pat konn kisa pou
yo fè yon ti
demwazèl te poze
kesyon sa:
“Pouki nou pa
eseye konstwi
pwòp kay nou nou
menm?”
Apre yon ti silans, tout moun tonbe ri.
9. ”Ki tenten wap di la!", di yon gwo machann byen
fache, “pou fè kay, nou bezwen brik ki vann chè e nou
pa gen mwayen pou achte yo si lòt vil ki pi rich yo pa
vinn pote n sekou.”
10. Se konsa yon jenn ti
atis pran lapawòl:
“Si nou pa gen brik,
poukisa nou pa
konstwi kay yo ak
wozo kap pouse pa bò
isit an kantite?"
11. Pèsonn potko janm tande koze sila. Direktè
planifikasyon amenajman vil la di konsa: ‘Nap di
nepòt tenten! Depi tout tan, nap konstwi kay nou yo
anbrik.’
12. Yon ti granmou kise
Mèt asosyasyon
atizan nan vil la
reponn, li di konsa:
“Se pa paske nou
poko janm fè yon
bagay ki fè li pa
posib“.
13. “Se sèlman trese pou nou byen trese wozo yo
pou nou kreye yon baz solid”, madanm ki
abitye trese a deklare.
14. Se konsa diskisyon tap kontinye sou menm lanse an e
tout asanble a te komanse enterese a sa kap di a. Kèk
moun te déjà ap gade kijan pou yo mete lide a anpratik
e finalman yon gwoup te dakò konstwi yon ‘kay
temwen’ an wozo.
Nan demen
maten, atizan yo
ak medam ki
abitye trese yo
mete tèt yo
ansanm pou
diskite kijan yo
pral bati kay wozo
sa pou li solid e
bèl an mèm tan.
15. Apre gwo diskisyon gwoup la tonbe dakò e kiltivatè yo te
twò kontan fè moun yo jwenn kantite wozo yo te bezwen
an.
Se konsa tout moun te
mete tèt ansanm, atizan,
medam kap trese yo,
kiltivatè yo te kòmanse
travay. Twa mwa apre
sa, se te tout fyète yo
pou yo te prezante
popilasyon an nouvo
kay an wozo sila.
Abitan yo ou ti jan gade
l dwòl e yo tap poze tèt
yo tout kalte kesyon.
16. Fanmi jenn ti atis la te vinn enstale l nan nouvo kay la.
17. Alòske moun yo te kòmanse ap viv byen alèz nan kay an
wozo yo, lòt moun te vle gen pwòp kay pa yo tou.
Se konsa anpil lòt kay an wozo te vinn ap konstwi. Apre
yon ti tan, tout fanmi yo te retounen gen kay yo.
18. Nou dwe konfese: kay la pat finn bon nèt paske van te
travèse l epi dlo tap koule nan fetay la.
Sepandan, tout defo sa yo te motive atizan yo jwenn
Solisyon pou rezoud pwoblèm yos
19. Lè moun yo gade yo wè kay wozo yo kanpe djanm aprè yon
lòt tranbleman d’tè vinn pase, san yo pa gen krik, tout lòt sa
ki potko kwè yo vinn wè reyalite a.
Se konsa pèsonn pat regrèt lòt vye kay anbrik yo ankò.
20. Tout vil la te fyè e moun te sòti tout kote vinn gade kay an
wozo yo.
Atizan ki te gen lide a, li te kòmanse granmoun, te deja ap
gade kijan pou yo ta vann lide kay anwozo yo byen lwen
andeyò ti vil yo a....
Fen.