Anúncio
Anúncio

Mais conteúdo relacionado

Mais de PAIR Project(20)

Anúncio

Know Your Rights Presentation (Haitian Creole)

  1. 2017 Bay Tèt Ou Plis Pouvwa epi “Konnen Dwa w" 1
  2. Objektif yo pou Jodi a 1. Konprann sityasyon yo sou chan an 2. Konprann dwa w lè w anfas ofisye imigrasyon 3. Kisa w ka fè pou prepare tèt ou ak fanmi w 4. Konprann ki kote pou ale pou èd 2
  3. Lòd Egzekitif Prezidan an gen dwa pou l bay yon Lòd Egzekitif nan nenpòt ki moman. Kilès ki tande pale de lòd egzektif Prezidan Trump yo sou zafè imigrasyon? Kisa w tande k gen ladann? Eske l posib ap gen nouvo lòd egzekitif? 3
  4. Lòd Egzekitif Yon lòd met anfaz sou sekirite fontyè yo (sou fontyè yo) pandan lòt la met anfaz sou sekirite entèn (andedan Etazini.) 4 • Bati yon miray sou tout bò fontyè sid peyi a • Ogmante patrouy sou fontyè yo avèk 5.000 ofisye anplis • Ogmante ofisye ICE yo (ofisye Ranfòsman lwa Imigrasyon ak Ladwann) avèk 10.000 ofisye anplis • Elaji depòtasyon imedyat pou retire nenpòt moun ki gen dezan oubyen mwens ke dezan Etazini (ya va retire moun nan peyi a san yo pa gen chans pou yo parèt devan yon jij) • Elaji koòperasyon avèk lapolis, yon pwogram ki rele pwogram 287(g) – byenke plizyè depatman polis eta Massachusetts pwomèt pou yo pa fè sa a, kouwè Boston, Cambridge, Somerville, ak kèk lòt vil ankò
  5. Lòd Egzekitif – notifikasyon Depatman Sekirite Nasyonal (DHS) (1) te komèt zak yo konsidere zak kriminèl (menm si pa gen akizasyon kont moun nan); (2) gen yon akizisyon zak kriminèl kont yo (menm si yo pa kondane yo); (3) te deklare koupab pou zak kriminèl; (4) te angaje yo nan fwod an koneksyon avèk nenpòt dosye ofisyèl anfas kèk ajans gouvènman kouwè fwod nan yon aplikasyon lisans pou yo ka kondui machin; (5) te abize okenn pwogram ki gen pou wè ak resevwa benefis leta; (6) te resevwa lòd pou yo depòte yo, kèlkeswa laj moun yo; (7) konstitye yon risk a piblik la oswa sekirite nasyonal la selon jijman yon ofisye imigrasyon.5 Kounye a plizyè lòt imigran san papye priyorite pou detansyon ak depòtasyon, enkli sila yo ki:
  6. Lòd Egzekitif – Entèdiksyon Vwayaj • 27 Janvye, Prezidan an te eseye anpeche moun antre Etazini ki sot nan peyi kote pifò popilasyon yo se moun Mizilman • Manifestasyon te pran plas toupatou nan peyi a nan ayewopò yo, epi moun te depoze plent nan tribinal nan senk eta, yon aksyon ki te koz yo sispann Lòd Egzekitif sa a ki te entèdi imigran ak refije nan sèt peyi yo antre Etazini • 6 Mas la, yo te bay yon lòt Lòd Egzekitif nouvo pou mete restren sou vwayaj pou sitwayen ki sot nan sis peyi kote pifò moun yo Mizilman (menm bagay ak sa 27 Janvye a, esepte Irak) 6
  7. Lòd Egzekitif – Entèdiksyon Vwayaj • Sitwayen peyi sa yo ki gen viza, yo p ap revoke viza yo poutèt lòd sa a • Moun ki gen kat rezidans (“Greencard”), moun ki gen estati azil oswa estati refije ak moun ki gen TPS p ap afekte • Sitwayen Irak yo pa afekte ankò • Depatman Sekirite Nasyonal la (DHS) kapab ajoute lòt peyi sou lis entèdiksyon an7 Sitwayen etranje ki sot nan Soudan, Siri, Yemèn, Iran, Somali ak Libi ki deyò Etazini epi ki pa gen yon viza valab apati 27 Janvye, 2017, yo p ap pèmèt yo antre Etazini pou omwen 90 jou.
  8. Lòd Egzekitif – Entèdiksyon Vwayaj • Moun ki deja gen estati refijye yo p ap afekte • Nou pa konn kisa k ka rive aprè peryòd 120 jou an epi l ka diferan selon peyi a donk reste enfòme • Nonb total refije pou ane finansye 2017 la ap 50.000, ki mwens ke mwatye sa Administrasyon Obama a te resevwa 8 Pwogram Admisyon Refije Etazini a anba sispansyon nan moman sa a pou 120 jou k ap vini yo.
  9. Kounye a – Lòd Egzekitif Si w sot nan youn nan sis peyi ki afekte yo epi w ta renmen vwayaje, kèlkeswa estati w, pale avèk yon avoka pou diskite risk pou ta vwayaje deyò Etazini. 9
  10. Kounye a – Lòd Egzekitif •DACA te kreye avèk lòd egzekitif Prezidan Obama. Kondanasyon kriminèl kapab swa anpeche w obteni DACA oswa anpeche w renouvle l •Moun ki pa sitwayen pa dwe aplike pou DACA pou premye fwa oswa aplike pou renouvle estati DACA san konsilte yon avoka imigrasyon 10 * Pa gen okenn mezi kont DACA (Aksyon Difere pou moun ki te vin nan peyi a kòm Timoun) nan moman sa a.
  11. Rete Enfòme • Atann yo bay lòt lòd egzekitif talè konsa. https://www.whitehouse.gov/briefing-room/presidential- actions/ • Pou enfòmasyon ajou ak fèyè enfòmasyon, al nan sit entènèt: www.masslegalhelp.org/immigration 11
  12. Kisa pou Fè Lè w anfas yon Ofisye Imigrasyon 12
  13. Tout Moun Gen Dwa • Kèlkeswa moun ki prezidan an, tout moun ki Etazini gen yon sètèn dwa fondamantal anba Konstitisyon Etazni an • Li enpòtan pou w konn dwa sa yo pou ka pwoteje yo • Jan w reponn oswa reyaji nan yon rankont ak yon ofisye imigrasyon ka depann sou estati imigrasyon w • Si w gen estati imigrasyon (kat rezidans, TPS, aplikan azil), ou ka vle montre idantifikasyon w pou prouve ke w nan peyi a legalman • Si w pa gen estati, ou ka vle ret an silans epitou pa prezante pyès idantifikasyon w yo jiskaske w pale avèk yon avoka 13
  14. Ki dwa m genyen si yon ofisye imigrasyon konfwonte m? •Ou genyen dwa pou reste an silans •Sa vle di ou genyen dwa pou pa reponn okenn kestyon •Ou genyen dwa pou wè manda pou arestasyon an •Ou genyen dwa pou pale avèk yon avoka •Ou genyen dwa pou fè yon kout fil 14
  15. Lakay ou, Suiv Enstriksyon Sa yo: • Pa ouvri pòt la • Glise kat “Konnen Dwa w” la anba pòt la oswa montre li nan yon fenèt • Mande yo si yo gen yon manda epi mande yo pou yo glise li anba pòt la • Gade manda a ak swen pou fè si yon jij te siyen l • Rele yon zanmi oswa yon fanmi sitwayen Ameriken pou w fè yo konnen sa k ap pase • Rele yon avoka imigrasyon ki gen eksperyans 15
  16. Istwa Ana a • Ki dwa Ana genyen? • Eske ofisye yo gen dwa pou yo antre andan kay Ana a? 16 Ana se yon fanm san papye ki sot Salvadò. Kèlke minit aprè l antre lakay li, li tande yon moun ap frape nan pòt li. Li gade nan twou pòt la epi li mande “kiyès sa a?” Yon gason ak yon fanm reponn, yo di yo se ofisye. Li mande yo sa yo vle epi yo di y ap chèche yon fanm ki rele Maria Martinez. Li di l pa konn Maria. Aprè sa yo mande l pou non l epi yo di l ouvri pòt la pou yo ka wè idantifikasyon l pou yo fè si se pa limenm ki Maria a.
  17. Istwa Ana a • Ana gen dwa sa a pou l pa ouvri pòt la • Kòm Ana pa gen papye, li ka chwazi pou l pa ouvri pòt la kòm, anba nouvo lòd egzekitif yo, nenpòt moun ki san papye konsidere kòm yon priyorite pou detansyon • Ana gen dwa pou l pa di anyen • Ana gen dwa pou l montre kat rouj “Dwa Pou l Reste an Silans” li a anba pòt la oswa nan yon fenèt • Ana gen dwa pou l mande wè yon manda epi tcheke si yon jij siyen manda a 17
  18. Dwa w Lakay ou • Pou yo kapab gen dwa antre lakay ou, ICE bezwen montre yon manda ke: 18 YON JIJ TE SIYEN • ICE ka eseye montre w yon manda arestasyon, men sa pa gen yon siyati jij sou li e pakonsekan li pa bay yo dwa pou yo antre lakay ou
  19. Dwa w nan yon Machin • E si ofisye a mande w nan ki peyi w soti? • Ou gen dwa pou di, “Mwen pa ta renmen di anyen” • E si yon ofisye mande w pou soti nan machin nan? • Ou kapab sot nan machin nan byen trankiil men ou toujou gen dwa sa a pou rete an silans • Ofisye a ka arete w, men li p ap gen enfòmasyon li ka itilize kont ou pou retire w Etazini 19
  20. Ou gen dwa pou: •Di w vle rete an silans •Mande si w anba arestasyon oubyen si w lib pou al fè wout ou •Si w lib pou ale, ou gen dwa pou di w prale •Si yo arete w, mande pou w rele yon avoka 20
  21. Manda Darè – Ki Siyen 21
  22. Manda Darè – Ki Pa Siyen 22
  23. Dwa w pou Rete an Silans • Rete an silans pa vle di yo p ap arete w, men se dwa w pou w pa bay ICE okenn enfòmasyon yo ka itilize kont ou • Sonje pou rete poze • Pa pran kouri ni pa reziste arestasyon • Mete men w kote ofisye a ka wè yo • Fè tout sa w kapab pou pa fache ni aniye • Ou gen dwa pou pa bay yon ofisye ICE anprent ou si yo mande w pou yo nan lari a, nan travay ou, oswa lakay ou 23
  24. Pou ou fè chanjman, tape de fwa • Lakay ou, nan machin nan, nan yon plas piblik, nan travay ou, si w di ou vle RETE AN SILANS, ofisye a ka arete w men l p ap gen enfòmasyon yo ka itilize pou retire w Etazini. • Si w egzèse dwa w epi yo vyole yo, ou ka itilize sa a an favè w pi devan si yo arete w (pou siprime prèv) • Pa bay yon ofisye manti • Ou ka chwazi pou pa di anyen. Li mye pou pa di anyen olye pou ap bay manti 24
  25. Miguel • Miguel gen dwa pou l di ke l ta renmen ret an silans • Miguel gen dwa pou l pa ofri anprent li bay ofisye a • Miguel gen dwa pou l mande si li anba arestasyon. Si ofisye yo reponn “non”, li gen dwa pou l di l a pral mache fè wout li 25 Miguel san papye. Yon jou, yon ofisye ICE rete l pandan l ap tann bis. Ofisye a mande l pou non l epi pou l wè idantifikasyon l. Ofisye a gen yon aparèy anprent elektronik sou li epi li mande Miguel pou l pran anprent li. Ki dwa Miguel genyen?
  26. Dwa w nan Travay Yon aprè-midi, ICE parèt nan yon restoran kote w ap travay. Pandan ajan yo antre andedan edifis la imedyatman yo mande pou tout moun fòme de liy: youn pou sitwayen Ameriken ak yon lòt pou tout lòt moun. Kijan w kapab egzèse dwa w? 26
  27. Ki Dwa w Genyen si Yo Mande W pou Fòme Liy Selon Estati Imigrasyon w? Ou gen dwa pou: •Pa reponn •Kanpe an silans nan mitan sal la •Pa bay ofisye yo okenn enfòmasyon sou ou •Pa antre nan okenn liy paske w gen dwa pou reste an silans 27
  28. Kijan m Kapab Prepare si an Ka yo Arete m • Memorize yon telefòn yon zanmi oswa yon manm fanmi ak telefòn yon avoka • Si w pa gen estati, konsidere kote w ap mete pyès idantifikasyon etranje w yo, ki enkli paspò, lisans machin, kat idantifikasyon nasyonal, elatriye. • Paspò w sifi kòm prèv pou ICE pwouve idante w ak estati w etan etranje – kilès ou ye ak ki kote w moun • Konsidere si oumenm ak fanmi w bezwen yon “plan fanmi” • Kenbe dokiman enpòtan w yo nan yon plas senesof lakay ou kouwè ak nesans pitit ou, dosye medikal ou, souchèk ou, ak bòdwo sèvis piblik 28
  29. Kijan m Kapab Prepare si an Ka yo Arete m • Fè si tout enfòmasyon ak kontak an ka ijans ou yo ajou nann lekòl pitit ou a(yo), ki enkli ladann kilès ki ka al chèche pitit ou ak kilès ki pa ka al chèche yo • Fè reyinyon ak avoka w pou asiye e dokimante yon moun ou fè konfyans pou pran desizyon nan plas ou nan absans ou, ke l se desizyon legal oswa desizyon ki konsène swen pitit ou • Pale ak yon zanmi oubyen yon manm fanmi ki gen estati legal Etazini sou kijan yo kapab gen aksè a kòb pou yo peye pou yon kosyon imigrasyon pou ou pou si anka yo ta arete w 29
  30. Kijan m Kapab Prepare si an Ka yo Arete m • Yo kapab pèmèt ou fè petèt yon sèl koutfil pandan w nan detasyon – men memorize tout nimewo telefòn enpòtan • Lè w fè koutfil ou a, fè si w di moun nan: • Nan ki prizon yo mete w • Nimewo idantifikasyon w • Nimewo Alyenn ou (“A#”) • Dat nesans ou • Mande moun ou rele a pou l rele avoka w la pou ou • Ou gen dwa pou pa di ajan ICE yo espesyalman nan ki peyi w sòti ak ki kote w te fèt 30
  31. Pou jwenn yon moun yo arete, rele ofis lokal ICE la oubyen itilize sitwèb yo a. 31
  32. Kijan m Kapab Prepare si an Ka yo Arete m • Raple fanmi w pou yo pa bay yo okenn enfòmasyon, paske yo ka poze manm fanmi w yo kesyon tou • Si w gen okenn manm fanmi ki pa gen papye nonpli, avèti yo pou yo pa vin nan prizon an oswa sant detansyon an pou yo vin vizite w; yo kapab mete yo nan detansyon tou • Mande pou rele avoka imigrasyon w la touswit • Pou jwenn moun yo arete yo, rele biwo lokal ICE la oswa itilize zouti pou lokalize yo a sou entènèt la. 32
  33. Kòman pou Prepare w si yo ta Arete w - Kosyon • Ou ka elijib oubyen ou ka pa elijib pou mande yon jij imigrasyon pou yon kosyon. • Pou yo akòde w yon kosyon vle di yon jij va etabli yon montan w ap gen pou peye pou yo lage w jiskaske w ap gen pou parèt nan tribinal • Bagay ki fè defans ou pi djanm pou yon kosyon se lyen djanm ou genyen ak fanmi ak kominote w. Panse ki moun ou ta mande ekri kèk lèt pou ou si ou ta bezwen yo akòde w yon chans pou peye kosyon. Eske se patron w? Fanmi w?33
  34. Kòman pou Prepare w si yo ta Arete w - Kosyon •Panse ki moun ki gen estati imigrasyon ou ka fè konfyans ki ka peye kosyon an pou ou •Fè si ou gen lajan sere pou sizoka ou ta vin elijib pou kosyon. Kosyon an ka kòmanse apati $1.500 men depisouvan li plis ke $8.000 a $15.000 •Fè si w di moun k ap peye kosyon w la kijan pou l jwenn kòb la 34
  35. Si yo Arete m, eske m Gen Dwa pou m Wè yon Jij Imigrasyon? Si yo arete w, ou bezwen wè yon jij imigrasyon pou eseye mete yon arèt nan depòtasyon w la. Pale ak yon avoka imigrasyon. MEN: • Si yon jij imigrasyon deja bay lòd pou yo depòte w oswa yo deja fè sa sou fontyè a, ou p ap otomatikman kapab wè yon jij imigrasyon • Nenpòt moun ki te deja nan peyi a pou dezan oswa mwens ke sa, kèlkeswa kote yo arete w la, ou sijè pou yo retire w nan peyi a touswit, ki vle di ou pa gen dwa pou wè yon jij imigrasyon 35
  36. Pwosesis Imigrasyon an 36
  37. Ajans ki Angaje yo nan Ranfòsman Lwa Imigrasyon Gen plizyè ajans andedan imigrasyon. Avan w pale avèk yon avoka sou ka w la, prete atanasyon a kilès ajans ki an kominikasyon avè’ w. • Ranfòsman Imigrasyon ak Ladwann (ICE) “ICE” • Operasyon Ranfòsman ak Depòtasyon (ERO) • Sèvis Sitwayente ak Imigrasyon Etazini (USCIS) “Imigrasyon” • Ladwann ak Patrouy Fontyè (CBP) “Border Patrol” • Biwo Konsèy an Chèf la (ICE, avoka gouvènman) • Biwo Azil 37
  38. Depatman Jistis (DOJ) • Biwo Egzekitif pou Analiz Imigrasyon (EOIR) “Tribinal Imigrasyon” • Tribinal Imigrasyon (Tribinal Imigrasyon Boston, Tribinal Imigrasyon Hartford….) • Komisyon Tribinal Apèl Imigrasyon (Falls Church, VA) • Lòt (pa egzanp Depatman Cherif Massachusetts yo, Polis Minisipal ak Polis Eta a) 38
  39. Imigrasyon lage m – Sa k ap pase kounye a? Al nan tribinal la! • Si w pa gen yon avoka premye fwa ou parèt nan tribinal la, ou kapab mande pou lis tan pou ka jwenn youn • Mande pou yon lis avoka sèvis legal yo • Si w ta manke pa ale nan yon odyans tribinal yo fin pwograme y’ap pase lòd pou yo retire w nan peyi a nan absans ou • Sa vle di si w pa ale nan tribinal, yo va bay lòd pou yo depòte w epi y ap òdone yon manda pou arestasyon w. Ou p ap elijib pou kosyon. • Lòd depòtasyon se yon bagay k ap toujou ret tache sou ou, menm si dat tribinal ou a pase 20 an desla. 39
  40. Imigrasyon lage m – sa k ap pase kounye a? Lè w Resevwa yon Dat atravè Lapòs pou al nan Tribinal • Si ICE te kenbe w epi yo lage w, ou va resevwa yon dat pou al nan tribinal atravè lapòs. • Fè si ke w mete Depatman Sekirite Nasyonal la ak Tribinal Imigrasyon an okouran konsènan chanjman adrès ou genyen. • Tribinal Imigrasyon nan eta Massachusetts toujou lokalize nan: JFK Federal Building 15 New Sudbury Street, 3rd floor Boston, MA 02203 (bò kote Haymarket ak Government Center) 40
  41. Lè w Resevwa yon Dat pou al nan Tribinal atravè Lapòs • Si imigrasyon te kenbe w nan lòt pati peyi a – ou bezwen mande yo pou yo voye dosye tribinal ou a nan eta Massachusetts. Paske yo p ap fè sa otomatikman. • Rele 1-800-898-7180 pou tcheke dat ak kote tribinal la ap pran plas la • Si w demenaje, pote fòmilè chanjman adrès la nan tribinal la (EOIR-33) • Gen kèk moun imigrasyon lage, yo ka gen pou yo rapòte a ajans ICE la nan Burlington, MA • Sa a se yon bagay apa zafè al nan tribinal la • Yon moun yo bay egzijans pou l rapòte oswa gen yon braslè GPS nan pye l dwe pale ak yon avoka touswit41
  42. Lè w Resevwa yon Dat pou al nan Tribinal atravè Lapòs • Si w gen yon dat pou al nan tribinal, ou dwe pale ak yon avoka imigrasyon konsènan ka w la • Gen plizyè kalite soulajman nan zafè imigrasyon, men lwa imigrasyon yo konplike • Ou kapab elijib pou yon kalite soulajman (solisyon) • Pa ranpli fòmilè oswa papye imigrasyon san w pa pale avèk yon avoka imigrasyon ki gen eksperyans 42
  43. Imigrasyon lage m – sa k ap pase kounye a? ➢Soulajman ki baze sou perèz ➢Azil, Arèt (Sispansyon) Depòtasyon, Soulajman anba Konvasyon kont Totire moun ➢Soulajman ki baze sou Krim ➢Viza U ➢Viza T ➢Soulajman ki baze sou Fanmi ➢Demand yon manm Fanmi ➢VAWA (Lwa Vyolans kont Fanm) ➢Soulajman ki baze sou konbyen tan w genyen Etazini ➢Anilasyon LPR (Anilasyon Rezidans Pèmanan Legal) ➢Anilasyon Non-LPR (Anilasyon ki pa Rezidans Pèmanan Legal) 43 ➢ Tèmine/Siprime (Termination/Suppression) ➢ Ka Espesyal: ➢ Lwa Jistis Imigrasyon Refije Ayisyen (HRIFA) ➢ Lwa Ajisteman Nikaraguayen ak Soulajman pou moun Amerik Santral (NACARA) ➢ Jenès yo: SIJS (Jèn Imigran Espesyal)/DACA (Aksyon Difere pou moun kit e vin nan peyi a laj Timoun) ➢ TPS (Estati Pwoteksyon Tanporè) ➢ USC (Sitwayen Etazini)? ➢ Mosyon oswa Petisyon pou Re-ouvri yon ka (“Motion to Reopen”) ➢ *Ou ka elijib pou yon lòt kalite soulajman ➢Ajisteman Estati (AOS) ak egzanpsyon ki aplikab ➢209(c) (yon seksyon nan lwa a) ➢212(h) (yon seksyon nan lwa a) ➢212(c) (yon seksyon nan lwa a)
  44. Imigrasyon – Defans kont Depòtasyon • Viktim krim • Moun ki pè retounen nan peyi yo akoz pèsekisyon oswa tòti, sa a enkli moun ki indantifye tèt yo kòm LGBT (Lezbyèn, Omoseksyèl, Biseksyèl, Transeksyèl) oswa ki te soufri vyolans domestik • Timoun ki gen laj minè youn oswa toude paran yo abandone, abize, oswa neglije yo • Viktim trafik • Viktim vyolans domestik • Kat “Green card” la/rezidans pèmanan legal atravè yon manm fanmi oswa ki baze sou travay • Gen lòt opsyon ki egziste! 44
  45. Lwa 10 zan an Konbyen nan nou ki janm tande pale de lwa 10 zan an • Sa a se yon kalite soulajman ki konplike • Wè yon avoka imigrasyon ki gen eksperyans • Pa gen yon règ ki di senpleman ou gen dwa pou yon chemen ki menen a sitwayente jist paske ou gen 10 zan Etazini • Pa viktim yon fwod • Fò w deja nan yon jijman depòtasyon pou kapab aplike • Fò w kapab montre ke yon mari/madanm/paran/timoun ki sitwayen oswa ki gen kat rezidans ka soufri yon “eprèv san parèy e ekstrèm si yo ta depòte w – tankou si yo gen yon maladi serye epi yo depann sou ou e sèlman oumenm pou swen. 45
  46. Evite Tronpri • Yon notè oswa “notariopúblico” (“notè piblik”) se PA menm bagay avèk yon avoka epitou sa pa otorize yon moun pou l ba ou konsèy legal (sou zafè lalwa) • Sèl moun ki ka ba w konsèy se yon avoka oswa yon reprezantan akredite k ap travay pou yon òganizasyon Konsèy Apèl Imigrasyon an (BIA a) rekonèt • Si w gen yon dosye krim, fè si avoka w la gen konesans/eksperyans nan konsekans krim yo sou zafè imigrasyon 46
  47. Ki Kote Mwen Ka Ale pou Èd? 47
  48. Pou Kisa Mwen Elijib pou m Aplike? Fè yon reyinyon avèk yon avoka oswa asiste yon evalyasyon legal epi fè si w konn pwòp etati imigrasyon w 48 • Gen yon chans ou ka gen yon chemen ki menen a yon estati imigrasyon ke w ka pa konnen • Si w gen TPS oswa DACA oswa ou san papye, ka gen yon chans ou elijib pou estati imigrasyon pèmanan
  49. 49
  50. Resous Legal: Tanpri konprann ke ka pa gen ase sèvis non-pwofi disponib epi w ka bezwen pou peye pou reprezantasyon: Irish International Immigrant Center: Klinik [legal] admisyon gratis nan kèk katye diferan nan Boston. Rele: (617) 542-7654 Catholic Charities: Rele lè Lendi a 9 dimaten (617) 464-8100 MIRA Coalition (617) 350-548050
  51. Resous Legal: PAIR Project: Li ede nan ka imigrasyon ki gen pou wè ak detansyon ak ka azil. Rele ant 1pm e 3pm pou mete yon randevou, 617-742-9296 Kids In Need of Defense (KIND): Li Reprezante timoun anba laj 17 an edmi, (617) 207-4138 (617) 464-8100 Greater Boston Legal Services (617) 371-1234 Committee for Public Counsel Services (pou zafè krim), 617-482-6212 51
  52. Resous Legal: Attorney General’s Office (Biwo Avoka Prensipal Leta a) • Office of the Attorney General (Biwo Avoka Prensipal Leta a) Dwa Sivil (Dwa Moun) (617) 963-2917, pou rapòte pratik lalwa ki pa otorize/fwod imigrasyon) • Pou rapòte yon krim ki gen pou wè ak rayisman: 1-800-994-3228 Nenpòt rezidan Massachusetts ki te temwen oswa ki te eksperimante menas ki baze sou prejije, pèsekisyon oswa vyolans gen dwa rele Liy Dirèk Avoka Prensipal Leta a oubyen li ka ranpli yon fòmilè plent dwa sivil (dwa moun) sou entènèt • Massachusetts ACLU: (617) 482-3170 Pou kesyon sou dwa konstitisyonèl ou (dwa ou genyen selon konstitisyon peyi a) 52
  53. thank you | gracias| merci | xie xie | obrigado | shukran | asante 53
Anúncio