Ansyen Prezidan Aristide ak ansyen Prezidan Preval (Lavalas ak INITE) kite yon peyi ki gen landal 54 pousan moun ki analfabèt. Chèf sa yo kite majorite pwofesè kap fè lekol pa gen kalifikasyon pousa. Bidjè edikasyon Aristide ak Preval te reprezante sèlman 6 pousan nan bidjè nasyonal la. Lè Preval kite pouvwa a te genyen 960.000 timoun nan peyi a ki pat kapab al lekol. Prezidan Martelly vin chanje sa. Jodia edikasyon reprezante 13 pousan bidjè nasyonal la. Lap travay ak minis la pou restriktire kalite edikasyon, ranfose kapasite pwofesè yo pandan ke yap mete lod, mande diaspora a yon kout men ou ede timoun yo. Jodia tout moun ap pale de edikasyon.